Hebrews 10:25
Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 24:33Menm jan an tou, lè n'a wè tout bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.
John 20:19Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout!
Acts 2:1Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a.
Acts 16:16Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan.
Romans 12:8Moun ki resevwa don pou l' bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l' fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l' fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.
1 Corinthians 3:13Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo.