Hebrews 11:9
Paske li te gen konfyans nan Bondye, se anba tant twal li te rete. Li t'ap viv nan peyi Bondye te pwomèt li a tankou yon etranje ki depasaj. Se konsa Izarak ak Jakòb te fè tou, yo menm ki te resevwa menm pwomès la nan men Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:3Li vwayaje toujou jouk li kite Negèv la dèyè. Bout pou bout li rive bò Betèl, kote li te moute tant li anvan an, ant lavil Betèl ak lavil Ayi.
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Genesis 18:6Abraram kouri lakay li, li ale jwenn Sara. Li di l' konsa. Fè vit. Pran trant liv farin bon kalite, mouye l', fè pen.
Genesis 21:34Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.
Genesis 25:27Timoun yo grandi. Ezaou te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay.
Genesis 28:4Se pou l' beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan.