Hebrews 12:7
Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li?
Bib La
In The King James Version
In Context
6Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat.
Cross References
1 Samuel 2:29Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen?
1 Samuel 3:13Mwen te di l' mwen tapral pini fanmi l' lan yon sèl kou pou m' fini ak yo poutèt pitit gason l' yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen.
1 Kings 1:6Men, depi li piti, papa a te gate l', li toujou kite l' fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou.
Job 34:31Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.
Proverbs 19:18Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.
Proverbs 23:13Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'.