Hebrews 13:3
Pa bliye moun ki nan prizon yo, tankou si nou menm tou nou te nan prizon ansanm ak yo. Pa bliye moun y'ap maltrete yo, paske nou menm tou nou gen yon kò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 40:23Men, chèf kanbiz la pa dòmi reve Jozèf, li bliye l' nèt.
Jeremiah 38:7Lè sa a, te gen yon moun peyi Letiopi ki te rele Ebèdmelèk. Se te yon nèg konfyans ki t'ap travay lakay wa a. Li vin konnen yo te mete Jeremi nan sitèn lan. Jou sa a, wa a te chita ap rann jijman bò Pòtay Benjamen an.
Matthew 25:43Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen.
Acts 24:23Li bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l' pa lage l', men pou l' ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l' yo rann li ti sèvis.
Romans 12:15Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.
Galatians 6:1Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.