Hebrews 5:2
Li toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pa t' dwe fè, paske li menm poutèt pa l', li fèb tou sou anpil pwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:8Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Numbers 12:1Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etiopi. Miryam ak Arawon t'ap pale Moyiz mal sou sa.
Numbers 20:10Moyiz ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo: -Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo soti nan wòch sa a pou nou?
Isaiah 30:11Wete kò nou sou bon wout la! Fè sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
2 Corinthians 11:30Si se pou m' vante tèt mwen, m'a vante tèt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m' fèb.
2 Corinthians 12:9Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li.