Hebrews 6:18
Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l', sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:19Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
Joshua 20:3Lè yon moun touye yon moun san li pa fè espre, san li pa t' gen lide fè sa, li ka kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun k'ap chache l' pou yo tire revanj.
1 Kings 2:28Lè Joab vin konnen sa ki te rive, li kouri al kache nan Tant Randevou a. Li kenbe kòn lotèl la pou yo pa touye l'. Joab te pran pozisyon pou Adonija, men li pa t' janm pran pozisyon pou Absalon.
Psalms 62:8(062:9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
Proverbs 3:18Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!
Isaiah 27:5Men, si lènmi pèp mwen an vle pou m' pwoteje yo, se pou yo vin fè lapè ak mwen. Wi, se pou yo vin fè lapè ak mwen.