Hebrews 7:22
Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a.
Bib La
In The King James Version
By so much was Jesus made a surety of a better testament.
In Context
Cross References
Genesis 43:9Se nan men m' li ye, se mwen menm ki pou rann ou kont pou li. Si m' pa mennen l' tounen ba ou, si m' pa tounen avè l' la devan ou, se mwen menm k'ap pote fòt la devan ou jouk mwen mouri.
Proverbs 6:1Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete,
Daniel 9:27Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l' la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a.
Mark 14:24Epi Jezi di yo: -Sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ap fè ak nou an, san ki koule pou anpil moun.
1 Corinthians 11:25Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l' pou nou ka chonje mwen.
Hebrews 9:15Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a.