The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 9 › Hebrews 9:19

Hebrews 9:19

Premye bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l' ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la.

Bib La

In The King James Version

For when Moses had spoken every precept to all the people according to the law, he took the blood of calves and of goats, with water, and scarlet wool, and hyssop, and sprinkled both the book, and all the people,

In Context

18Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon.

20Lè sa a, li di: Sa se san ki sèvi pou siyen kontra Bondye mande pou nou kenbe a.

Read all of Hebrews 9

Cross References

Exodus 24:5Apre sa, li pran kèk jenn gason nan moun Izrayèl yo, li voye yo al ofri bèt pou touye bay Seyè a: yo ofri bèt yo te boule nèt pou Seyè a. Yo touye kèk towo bèf pou di Seyè a mèsi.

Leviticus 1:10Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.

Leviticus 14:4Prèt la va bay lòd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k'ap fè sèvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.

Leviticus 16:14L'a tranpe dwèt li nan san ti towo bèf la, l'a voye san an sou bò devan kouvèti Bwat Kontra a, sou bò solèy leve. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa devan kouvèti a avèk dwèt li.

Numbers 19:18Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l' nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l' ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri.

Isaiah 52:15konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l' fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi. Paske y'a wè bagay moun pa t' janm rakonte yo anvan sa, y'a konprann bagay yo pa t' janm tande anvan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 9:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 9:18Hebrews 9Hebrews 9:20 →