Hosea 1:10
Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun p'ap ka ni konte yo, ni konnen kantite ki va genyen. Si koulye a Bondye ap di: Nou pa moun pa m' ankò, yon jou l'a di yo: Nou se pitit Bondye vivan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:16Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
Genesis 32:12Chonje sa ou te di m' lan: M'ap fè tout bagay mache byen pou ou. M'ap si tèlman ba ou pitit pitit, moun p'ap ka konte yo. Y'ap tankou grenn sab bò lanmè.
Isaiah 43:6M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m' yo tounen soti byen lwen. Kite pitit fi m' yo tounen soti toupatou sou latè.
Isaiah 49:17Moun ki pral rebati lavil la ap vin talè konsa. Moun ki t'ap kraze nou yo, ki t'ap piye nou yo, pral kouri met deyò.
Isaiah 60:4Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo.
Jeremiah 33:22Mwen pral fè fanmi David, sèvitè m' lan, peple. Mwen pral fè moun Levi k'ap sèvi m' yo peple sitèlman yo p'ap ka konte kantite ki genyen. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè.