Hosea 11:9
Mwen p'ap fè sa m' te di mwen t'ap fè lè m' te ankòlè a. Mwen p'ap detwi moun Efrayim yo ankò. Paske se Bondye mwen ye, mwen pa tankou lèzòm. Se yon bondye apa mwen ye. Mwen la avèk nou. Mwen p'ap fè kòlè pou m' vin detwi nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:19Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
Deuteronomy 32:26Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè.
2 Samuel 20:10Amasa menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l' nan vant. Tout trip li soti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pa t' bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l' la, pati dèyè Cheba.
Psalms 85:4(085:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
Isaiah 27:4Mwen pa fache avè l' ankò. Si mwen jwenn pikan ak move raje ladan l', m'a rache yo. M'a sanble yo, m'a boule yo nan dife.
Isaiah 55:8Lide pa m' pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m'. Se Seyè a menm ki di sa.