Hosea 12:2
Seyè a gen yon kont pou l' regle ak moun Jida yo tou. Li pral pini moun Jakòb yo dapre ajisman yo. Li pral fè yo peye sa yo fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:4Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'.
Job 15:2-Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè.
Ecclesiastes 5:15Li soti toutouni nan vant manman l', konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li.
Isaiah 8:7mwen menm, Seyè a, m'ap fè wa peyi Lasiri a vin atake yo ak tout fòs li. L'ap vini tankou dlo gwo larivyè Lefrat la lè l'ap desann. L'ap gonfle, l'ap debòde sou tout rivaj li yo.
Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Isaiah 30:6Men yon mesaj Bondye bay sou bèt nan dezè Negèv yo: -Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote gen move sèpan ak dragon azèl. Yo chaje bourik yo ak chamo yo avèk kado pou yon nasyon ki pa ka fè anyen pou yo.