Hosea 12:6
Konsa, nou menm pitit pitit Jakòb yo, tounen vin jwenn Bondye nou. Pa janm sispann renmen l'. Fè sa ki dwat devan je li. Pran pasyans! Toujou konte sou Bondye.
Bib La
In The King James Version
Therefore turn thou to thy God: keep mercy and judgment, and wait on thy God continually.
In Context
5Se te Seyè ki gen tout pouvwa a. Seyè, se konsa yo rele li.
Cross References
Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.
Psalms 37:7Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Psalms 130:5Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
Proverbs 21:3Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li.
Isaiah 8:17Seyè a vire do l' bay moun fanmi Jakòb yo. Men, mwen menm m'ap konte sou li, m'ap mete tout espwa m' nan li.
Isaiah 31:6Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen!