Hosea 2:19
Izrayèl, m'ap pran angajman pou m' viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
20M'ap kenbe pwomès mwen, w'ap pou mwen nèt. Konsa, w'a konnen ki moun mwen menm, Seyè a, mwen ye.
Cross References
Psalms 85:10(085:11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
Isaiah 45:23Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.
Isaiah 54:8Kòlè te fè m' pèdi tèt mwen. Mwen te vire do ba ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. M'ap moutre ou jan m' toujou renmen ou. Se Seyè k'ap delivre ou la ki di ou sa.
Isaiah 62:3W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la.
Jeremiah 4:2si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m' pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.
Jeremiah 32:38Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò.