Hosea 5:15
M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:21W'a mete kouvèti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w'a mete de ròch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen.
Deuteronomy 4:29Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.
Judges 4:3Li te gen nèfsan (0900) cha lagè fèt an fè. Pandan ventan li t'ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t'ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Seyè a.
Judges 10:10Lè sa a, yo rele nan pye Seyè a, yo di l' konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n' al fè sèvis pou Baal yo.
1 Kings 8:47antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,
2 Chronicles 7:14lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.