Hosea 5:9
Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 28:1Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
Isaiah 48:5Se poutèt sa mwen te fè nou konnen davans sa ki tapral rive nou. Wi, mwen te avèti nou anvan yo te rive, pou nou pa t' di se zidòl nou yo ki te fè sa pou nou, se estati an fè nou yo ak pòtre zidòl nou yo ki te fè sa pase konsa.
Hosea 5:14M'ap atake moun Efrayim yo tankou yon lyon. M'ap tonbe sou moun Jida yo tankou yon jenn ti lyon. Wi, se mwen k'ap dechire yo an miyèt moso. Apre sa, m'ap kite yo, m'ap depòte yo byen lwen peyi yo. Pesonn p'ap ka sove yo anba men m'.
Hosea 8:8Pèp Izrayèl la fini nèt. Nan je lòt nasyon yo, li tankou yon vye kannari kraze ki pa vo anyen.
Hosea 9:11Sa ki te yon lwanj pou pèp Efrayim lan ap vole ale tankou zwazo. Yo p'ap fè pitit, madanm yo p'ap gwovant, madanm yo p'ap menm ansent.