Hosea 7:6
Wi, lè y'ap fè konplo se tankou yon fou k'ap chofe. Tout lannwit, chalè a ap moute. Sa yo gen sou kè yo a ap kouve. Nan maten, bagay la pete tankou flanm dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Konsa, jou y'ap fè fèt pou wa a, chèf yo malad anba diven, wa a menm bay lanmen ak ipokrit yo.
Cross References
2 Samuel 13:28Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.
Psalms 21:9(021:10) Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.
Hosea 7:4Se yon bann trèt yo ye. Yo pa kenbe pawòl yo. Yo tankou yon fou yo fin chofe byen chofe. Boulanje a fè yo sispann chofe fou a, l'ap tann pat li fin bat la leve anvan li anfounen l'.
Micah 2:1Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo.