Hosea 9:15
Seyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m'ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p'ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 4:19Jou pèp la te janbe lòt bò larivyè Jouden an, se te dizyèm jou nan premye mwa a. Y' al moute tant yo yon kote ki rele Gilgal, ki te sou bò solèy leve lavil Jeriko.
Joshua 10:43Lèfini, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal.
1 Kings 9:7lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.
Psalms 78:60Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.
Jeremiah 3:8Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès.
Jeremiah 11:15Seyè a di ankò: -Pèp mwen renmen anpil la gen move lide dèyè tèt yo. Ki dwa yo genyen pou yo vin nan Tanp mwen an? Yo gen lè konprann yo ka egzante malè k'ap vin sou yo a avèk bèl pwomès y'ap fè m' yo, yo ka chape anba l' avèk vyann anpil bèt y'ap ofri pou mwen yo, apre sa pou y' al pran plezi yo?