Isaiah 10:29
Yo travèse pas la! Yo pase nwit lan lavil Geba! Moun lavil Rama yo ap tranble. Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyò.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Lènmi gen tan rive nan peyi Ajat! Men y'ap travèse peyi Migwon! Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.
Cross References
Joshua 18:25Te gen tou Gabawon, Rama, Beewòt,
Judges 19:12Men, mèt la di l' konsa: -Non! Nou pa pral antre nan lavil moun lòt nasyon yo, kote pa gen yon moun pèp Izrayèl la menm. N'ap fè wout nou jouk nou rive lavil Gibeya.
1 Samuel 7:17Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Seyè a lavil Rama.
1 Samuel 13:2Sayil chwazi twamil (03000) gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.
1 Samuel 13:23Moun Filisti yo voye yon ganizon al defann pas Mikmas la.
1 Samuel 14:4Nan pas kote Jonatan t'ap chache janbe larivyè pou ale nan kan moun Filisti yo, te gen de gwo wòch, yonn chak bò pas la. Yonn te rele Bozès, lòt la Sene.