Isaiah 11:10
Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 2:12Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi.
Psalms 91:4L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.
Psalms 145:11Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Isaiah 2:11Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 14:3Seyè a va fè nou jwenn repo apre tout tray, tout tribilasyon ak tout mizè yo te fè nou pase.