Isaiah 11:13
Moun peyi Efrayim yo p'ap fè jalouzi ankò. Peyi Jida a p'ap kenbe moun nan kè ankò. Moun peyi Efrayim yo p'ap anvye sò moun Jida yo. Moun Jida yo p'ap lènmi ankò ak moun Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 7:1Lè sa a, se wa Akaz, pitit gason Jotam, pitit pitit gason Ozyas, ki t'ap gouvènen nan peyi Jida. Rezen, wa peyi Siri, ak Pekak, pitit Remalya, wa peyi Izrayèl, moute al atake lavil Jerizalèm. Men, yo pa t' ka pran l'.
Jeremiah 3:18Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a soti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a.
Ezekiel 37:17Pran de moso bwa yo, kole yo bout pou bout, kenbe yo yon jan pou yo parèt tankou si se yon sèl bout bwa ou gen nan men ou.
Hosea 1:11Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl va mete tèt yo ansanm ankò. Y'a chwazi yon sèl chèf pou mache alatèt yo. Y'a grandi. Zafè yo va mache nan peyi a. Wi, jou Jizreyèl la pral yon gwo jou.