Isaiah 13:3
Se mwen menm, Seyè a, k'ap bay sèvitè m' yo lòd! M'ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m' yo ki gen kè kontan, k'ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k'ap fè m' fè kòlè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 1:1Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:
Ezra 7:12Men lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la! -Koulye a,
Psalms 149:5Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.
Isaiah 44:27Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo.
Jeremiah 50:21Seyè a di ankò: -Mache pran peyi moun Mira-Tayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!
Joel 3:11Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Seyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!