Isaiah 22:1
Men yon mesaj pou Fon Vizyon an: -Sa k'ap pase konsa? Poukisa tout moun nan lavil la ap moute sou teras anwo kay yo pou fè fèt konsa?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 22:8Lè n'ap bati yon kay nèf, n'a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p'ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.
1 Samuel 3:1Lè sa a, Samyèl te timoun toujou, li t'ap sèvi Seyè a sou zòd Eli. Nan tan sa a se pa t' fasil pou Seyè a te pale ak moun. Se bagay ki te ra anpil pou Seyè a te fè moun wè l'.
2 Samuel 14:5Wa a mande l': -Kisa ou genyen? Fanm lan reponn li: -Adje, monwa! Se yon pòv vèv mwen ye. Mari m' mouri.
Psalms 114:5Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?
Psalms 147:19Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
Isaiah 13:1Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn: