Isaiah 22:11
Nou bati yon rezèvwa nan mitan de miray pou ranmase dlo k'ap soti nan Vye Basen. Men, nou pa janm dòmi reve Bondye, li menm ki te fè lide sa a depi lontan, li menm ki lakòz tout bagay sa yo rive konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 20:20Tout rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
2 Chronicles 6:6Men koulye a, mwen chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo fè sèvis pou mwen, lèfini mwen chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an.
2 Chronicles 32:3li reyini tout otorite ak chèf lame l' yo, li di yo li fè lide bouche tout sous dlo ki andeyò lavil la. Yo tout dakò.
Isaiah 7:3Seyè a di Ezayi konsa: -Pran Chea-Jachoub, pitit gason ou lan, avè ou. Al kontre wa Akaz. W'a jwenn li sou wout ap moute bò kote yo konn lave twal ki fèk tenn yo, nan direksyon kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.
Isaiah 17:7Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la.
Isaiah 37:26Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou ou te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.