Isaiah 22:6
Sòlda peyi Elam yo moute sou cha yo ak sou chwal yo. Banza yo ak flèch yo tou pare, y'ap vini. Lame peyi Ki a pran zam pou pare kou yo.
Bib La
In The King James Version
And Elam bare the quiver with chariots of men and horsemen, and Kir uncovered the shield.
In Context
Cross References
Genesis 10:22Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram.
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.
Isaiah 21:2Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.
Amos 1:5M'ap kraze pòtay lavil Damas la miyèt moso. M'ap disparèt moun ki rete nan Fon Avenn ansanm ak chèf ki kòmande lavil Betedenn lan. Y'a fè moun peyi Siri yo prizonye, y'a depòte yo nan peyi Kir. Se Seyè a menm ki di sa.