Isaiah 24:20
Latè pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l'.
21Jou sa a, Seyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè.
Cross References
Genesis 41:31Grangou ki pral tonbe sou peyi a pral rèd anpil. Moun p'ap wè tras rekòt ki te fèt nan peyi a.
Psalms 107:27Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo.
Isaiah 1:28Men, l'ap kraze sa k'ap fè sa ki mal yo ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo. L'ap touye tou sa ki vire do bay Seyè a.
Isaiah 19:14Seyè a fè tout moun nan peyi a pèdi tèt yo nèt! Sa ki rive? Peyi Lejip pèdi chemen l' nan tou sa l'ap fè, li tankou yon nonm sou k'ap glise tonbe nan sa l'ap vonmi an!
Isaiah 38:12Tankou yon ti kay jaden, yo rache m', yo demoli m' pote m' ale. Yo koupe lavi m' tankou yo koupe fil nan metye moun k'ap tise twal yo. Soti nan maten rive aswè, m'ap deperi.
Jeremiah 4:24Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agoch!