Isaiah 26:15
Seyè, ou fè nasyon nou an vin pi plis. Ou fè l' vin pi plis, ou laji fwontyè peyi a. Sa fè moun wè jan ou gen pouvwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:16Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
Deuteronomy 4:27Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.
Deuteronomy 28:25L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
Deuteronomy 32:26Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè.
2 Kings 17:6Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
2 Kings 23:27Se poutèt sa, Seyè a di: —Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m' menm jan m' te fè l' pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m' pral voye l' jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a.