Isaiah 26:8
Nou vle fè volonte ou, nou konte sou ou. Se ou menm nou anvi wè! Se ou menm n'ap chonje tout tan!
Bib La
In The King James Version
In Context
7Seyè, ou fè chemen an dous pou moun k'ap mache dwat, ou louvri yon bèl chemen plat pou yo.
Cross References
Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.
2 Samuel 23:5Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle.
Psalms 13:1(013:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (013:2) Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou?
Psalms 37:3Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
Psalms 44:17(044:18) Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.
Psalms 65:6(065:7) Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.