Isaiah 27:12
Jou sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Seyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fwontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:3enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.
Joshua 15:4li pase Azmon, li kouri nan ravin ki sou fwontyè Lejip la jouk li rive sou lanmè a. Men limit sid tè moun Jida yo.
Nehemiah 1:9Men, si nou tounen vin jwenn mwen, si nou pran swiv kòmandman mwen yo pou nou fè sa m' di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk byen lwen nan dènye bout latè a, m'ap sanble nou, m'ap fè nou tounen kote mwen chwazi pou m' rete a.
Psalms 72:8L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
Isaiah 17:6Se sèlman de twa moun k'ap rete vivan. Peyi Izrayèl la ap tankou yon pye oliv apre yo fin keyi tout donn li: se de twa grenn ki rete nan tèt la ak kat ou senk sou branch yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Isaiah 56:8Men sa Seyè a, Bondye a, di, li menm ki te fè moun pèp Izrayèl yo te depòte yo sanble nan peyi yo a ankò: Anplis moun pèp mwen an, mwen va sanble yon bann lòt moun ankò ansanm ak yo.