Isaiah 28:7
Ata pwofèt yo ak prèt yo, yo sitèlman sou, y'ap titibe. Yo sitèlman bwè diven ak gwo gwòg fò, y'ap di betiz, y'ap depale. Pwofèt yo twò sou pou yo konprann anyen nan vizyon Bondye ap fè yo wè. Prèt yo ap depale, yo pa konn sa pou yo di lè moun vin mete yon ka devan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Yo vonmi sal tout tab kote yo chita a. Pa gen yon ti kote ki pa sal.
Cross References
Psalms 107:27Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo.
Proverbs 31:4Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.
Isaiah 3:12Sa fè m' lapenn pou pèp mwen an! Se yon timoun k'ap prije yo, se fanm k'ap kòmande yo. Sa fè m' lapenn anpil wi pou nou, pèp mwen an! Chèf yo fè nou pèdi chemen nou. Yo mele nou. Nou pa konn ki wout pou nou pran.
Isaiah 5:22Madichon pou nou! Lè se boutèy diven pou nou desann, nou pa manke kouraj! Lè se gwòg pike pou nou konpoze, nou pa manke vanyan gason!
Isaiah 9:15Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke a menm, se pwofèt yo, papa mantò!
Isaiah 22:13Men, gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n' manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri.