Isaiah 3:19
zanno, braslè yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo,
Bib La
In The King James Version
The chains, and the bracelets, and the mufflers,
In Context
20mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo,
Cross References
Genesis 24:22Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l' nan nen Rebeka. Li pran de bèl braslè ki peze san gram, li mete yo nan bra li.
Genesis 24:53Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou.
Genesis 38:25Yo t'ap mennen Tama deyò lavil la lè li voye komisyon sa a bay bòpè li: -Se pou mèt bagay sa yo mwen ansent. Gade wè si ou rekonèt ki moun ki mèt letanp sa a ak tout kòd li ansanm ak baton sa a?
Exodus 32:3Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon.
Numbers 31:50Se poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: braslè, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Seyè a pou li ka fè nou gras.
Ezekiel 16:12Mwen mete yon grenn zanno nan nen ou, yon pè zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn sou tèt ou.