Isaiah 32:14
Kay wa a ap rete san pesonn ladan l'. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l' la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:9Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.
Nehemiah 3:26moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.)
Isaiah 3:26Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.
Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.
Isaiah 24:1Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.
Isaiah 24:12Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.