Isaiah 33:11
N'ap fè yon bann lide nan tèt nou ki pa vo anyen. Se nou menm ankò k'ap touye tèt nou.
Bib La
In The King James Version
Ye shall conceive chaff, ye shall bring forth stubble: your breath, as fire, shall devour you.
In Context
12M'ap boule nou tankou yo boule wòch pou fè lacho, tankou pikan chèch yo jete nan dife.
Cross References
Job 15:35Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.
Psalms 7:14(07:15) Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti.
Psalms 83:5(083:6) Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.
Isaiah 5:24Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.
Isaiah 9:17Se poutèt sa, Seyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.
Isaiah 17:13Nasyon yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale.