Isaiah 33:22
Paske, se Seyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou.
Bib La
In The King James Version
For the LORD is our judge, the LORD is our lawgiver, the LORD is our king; he will save us.
In Context
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
1 Samuel 12:12Epi lè nou wè Nakach, wa moun peyi Amon yo, te pare pou l' atake nou, atout nou te konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki wa nou, nou di m': Non! nou pa vle sa ankò. Se yon wa nou vle pou gouvènen nou.
Psalms 44:4(044:5) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.
Psalms 50:6Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
Psalms 75:7(075:8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt.
Psalms 98:9Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.