Isaiah 33:3
Lè w'ap goumen pou nou, tande lòt nasyon yo tande bri lagè a, yo kouri met deyò, yo gaye.
Bib La
In The King James Version
At the noise of the tumult the people fled; at the lifting up of thyself the nations were scattered.
In Context
Cross References
Psalms 46:6(046:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
Isaiah 10:13Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.
Isaiah 17:12Ki malè sa a? Yon foul moun k'ap toumante kò yo tankou lè lanmè a move. Y'ap bat kò yo fè gwo bri tankou lanm lanmè k'ap frape ak fòs sou rivaj la.
Isaiah 37:11Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m'!
Isaiah 59:16Li sezi wè pesonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouraj li. Li ba l' men, li pran defans li.