Isaiah 33:6
Li p'ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo.
Cross References
2 Chronicles 32:27Ezekyas te gen anpil richès, tout moun te respekte l'. Li fè bati depo pou mete tout bagay an ajan, an lò li te genyen, bèl pyè koute chè, epis santi bon, plak pwotèj ak tout lòt bagay koute chè l' yo.
Psalms 27:1Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?
Psalms 45:4(045:5) Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
Psalms 140:7(0140:8) Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.
Proverbs 14:24Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt.
Proverbs 14:27Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.