Isaiah 34:13
Pikan pral pouse nan tout palè l' yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la otrich pral fè nich yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
12P'ap gen grannèg pou chwazi wa ankò pou gouvènen peyi a, tout chèf yo ap disparèt.
Cross References
Psalms 44:19(044:20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
Isaiah 32:13Nou pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a.
Isaiah 35:7Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite.
Jeremiah 10:22Koute non! Nouvèl la ap kouri vini! Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a. Lame l' yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi, kote bèt nan bwa rete.
Jeremiah 50:39Se poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l' ankò pou tout tan, jouk sa kaba.
Jeremiah 51:43Tout ti bouk li yo tounen yon dezè tou, san pa gen yon gout dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn ladan yo ankò. Pesonn pa pase la non plis.