Isaiah 38:5
-Tounen al jwenn Ezekyas. W'a di l' pou mwen, men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou: Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal. M'ap kite ou viv kenzan ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Lè sa a, Seyè a pale ak Ezayi, li di l' konsa:
6M'ap delivre ou ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pran defans lavil la.
Cross References
1 Kings 8:25Se poutèt sa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lòt pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la, lè ou te di l' va toujou gen yonn nan pitit pitit li yo pou gouvènen pèp Izrayèl la, depi yo veye jan y'ap mache a pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fè l' la.
1 Kings 11:12Men, poutèt David, papa ou, mwen p'ap fè sa nan vivan ou. Se nan men pitit gason ou lan m'ap wete gouvènman an.
2 Kings 18:2Lè sa a, li te gen vennsenkan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abi. Se te pitit fi Zakari.
2 Kings 19:20Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: —Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.
2 Chronicles 34:3Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.
Psalms 6:9(06:10) Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.