Isaiah 42:3
Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li pa nan rele, li pa nan pale fò. Li pa nan mache fè diskou nan tout lari.
Cross References
Psalms 72:2Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
Psalms 96:13lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.
Psalms 103:13Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.
Isaiah 2:4L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
Isaiah 35:3Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble!
Isaiah 40:29Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l' kouraj ankò!