Isaiah 44:2
Men sa Seyè ki te kreye nou an, Seyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: -Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
Psalms 46:5(046:6) Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou.
Psalms 95:6Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!
Isaiah 41:14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!
Isaiah 43:5Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou soti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche.
Isaiah 43:21Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.