Isaiah 45:7
Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:17Li mete yo nan syèl la pou klere latè a,
Exodus 14:20Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nwaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan.
Job 2:10Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.
Job 34:29Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.
Psalms 29:11Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.
Psalms 75:7(075:8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt.