Isaiah 46:6
Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:2Arawon di yo: -Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen.
Exodus 32:8Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Judges 17:4Men, pitit la renmèt lajan an bay manman l'. Madanm lan pran desan (0200) pyès an ajan, li bay yon bòs ki fè yon zidòl an bwa epi li kouvri li nèt ak ajan. Li mete li lakay Mika.
Psalms 115:7Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo.
Isaiah 40:19Bòs atizan an pran yon moul pou fè yon estati. Efèv la kouvri estati a nèt ak lò. Li fonn ajan pou soude l' nan plas li.
Isaiah 44:12Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l' nan dife, li travay li ak mato. Li ba l' fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò.