Isaiah 47:4
Moun k'ap delivre nou an rele Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Bib La
In The King James Version
As for our redeemer, the LORD of hosts is his name, the Holy One of Israel.
In Context
3Rete toutouni pou moun ka wè jan ou tonbe ba! Mwen pral tire revanj. Pesonn p'ap ka rete m'.
Cross References
Isaiah 41:14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!
Isaiah 43:14Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a.
Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
Isaiah 51:15Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye ou la. Mwen souke dlo lanmè a, mwen fè lanm lanmè yo gwonde. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele m'!
Jeremiah 31:11Mwen libere moun fanmi Jakòb yo. Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo.