Isaiah 48:10
Tankou lajan yo fonn nan fòj pou wè si li bon, mwen te fè nou pase tray pou m' wè kote nou ye.
Bib La
In The King James Version
Behold, I have refined thee, but not with silver; I have chosen thee in the furnace of affliction.
In Context
Cross References
1 Kings 8:51Paske, se pèp ki rele ou pa ou la yo ye, pèp ou menm ou te fè soti kite peyi Lejip ki te pou yo tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè.
Job 28:1Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.
Proverbs 17:3Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.
Jeremiah 9:7Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral pase yo nan dife pou m' netwaye yo tankou yo fè l' pou lò. Mwen pral sonde yo. Pèp mwen an fè twòp mechanste. Pou jan yo fè mechanste, se sa m' bliye m' p'ap fè yo.
Ezekiel 22:18-Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y'ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen.
Zechariah 13:9Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.