Isaiah 49:23
Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y'ap ajenou devan nou, y'ap bese tèt yo jouk atè, Y'a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p'ap janm wont.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:7M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Ezra 1:2-Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida.
Ezra 7:11Men kopi lèt wa Atagzèsès te renmèt Esdras, ki te yon prèt ak yon nonm save. Li te dòktè nan zafè lalwa ak kòmandman Seyè a te bay pèp Izrayèl la.
Esther 8:1Menm jou sa a, wa Asyeris pran tout byen Aman yo, nonm ki pa t' vle wè jwif yo, li fè larenn Estè kado. Estè fè wa a konnen Madoche se fanmi li. Depi lè sa a, Madoche te gen dwa parèt devan wa a.
Psalms 25:3Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.
Psalms 68:31(068:32) Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye.