Isaiah 5:20
Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k'ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k'ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè!
Bib La
In The King James Version
In Context
21Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!
Cross References
Exodus 23:7Evite fè manti sou moun pou akize yo. Moun inonsan ak moun ki nan dwa yo, piga nou fè touye yo, paske mwen p'ap padonnen moun ki fè bagay konsa.
Job 17:12Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.
Proverbs 17:15Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.
Isaiah 32:5P'ap gen moun k'ap asepte pran moun sòt pou moun debyen, ni bakoulou pou bon moun.
Amos 5:7Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!
Malachi 2:17N'ap fatige tèt Seyè a ak yon bann pawòl. Epi n'ap di: Ki jan n'ap fatige l' la? Se lè n'ap plede di: Tout moun ki fè sa ki mal yo bon nan je Seyè a. Li kontan ak yo. Ou ankò lè n'ap mande: Kote Bondye k'ap rann jistis la?