Isaiah 54:15
Si yo atake ou, sa p'ap soti nan mwen. Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 37:12Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.
Isaiah 43:3Paske mwen menm, mwen se Seyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m' te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letiopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.
Ezekiel 38:8Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje.
Zechariah 2:8Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m'. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m'.
Zechariah 12:9Lè sa a, m'a detwi tout nasyon ki va konprann pou yo atake lavil Jerizalèm.
Revelation 16:14Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble deniè wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.