Isaiah 55:3
Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Gade. Mwen te fè l' chèf pou l' te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l' sèvi m' temwen nan mitan yo.
Cross References
Genesis 49:10Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
Leviticus 18:5Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m' di nou fè a, tout moun ki koute m' va jwenn lavi. Se mwen menm ki Seyè a!
2 Samuel 7:29Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè sèl Mèt, ou te pwomèt mwen sa. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.
2 Chronicles 6:42Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a!
Psalms 89:28(089:29) M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a.
Psalms 89:35(089:36) Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.