Isaiah 57:5
N'ap fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 18:21Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.
Numbers 25:1Pèp Izrayèl la vin moute tant yo nan Fon Zakasya yo. Lè sa a, mesye yo konmanse lage kò yo nan vagabondaj ak fanm peyi Moab yo.
Deuteronomy 12:2Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo.
2 Kings 16:3Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv.
2 Kings 17:7Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye.
2 Kings 23:10Wa Jozyas gate Tofèt la tou, yon tanp zidòl ki te nan fon Enon an, konsa pesonn pa t' ka ofri pitit fi osinon pitit gason yo pou boule pou Molòk ankò.