Isaiah 58:14
lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:29Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Seyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L'ap mache devan nou pou l' fè nou genyen batay la. Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou. Men nou menm, n'a kraze sa ki fè lògèy yo a anba pye nou.
Job 27:10Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan.
Psalms 36:8(036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
Psalms 37:11Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.
Psalms 135:12Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete.
Isaiah 1:19Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay.