Isaiah 60:21
Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 7:10Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan yo p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l' anvan an,
Psalms 37:18Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.
Psalms 37:29Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.
Isaiah 4:3Lè sa a, moun ki rete nan sa ki te sou mòn Siyon an, moun ki va chape anba lanmò pami sa ki te lavil Jerizalèm lan, y'a rele yo: moun Bondye mete apa pou li. Bondye va kite yo viv lavil Jerizalèm.
Isaiah 29:23Lè y'a wè pitit mwen menm m'ap ba yo nan kò kay yo, y'a rekonèt se yon Bondye apa mwen ye. Y'a rekonèt Bondye fanmi Jakòb la se yon Bondye apa. Y'a respekte m', y'a genyen m' krentif.
Isaiah 43:21Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.